Nan kad selebrasyon Fèt Agrikilti ak Travay, Klèb Literè Émeric Bergeaud ap òganize, nan lokal Enstitisyon Dyaman Ble (Fontamara 27, zòn Gran Kolèj), yon jounen espesyal sou tèm « Ann reveye dantan! ». Inisyativ sa a vize mete an valè tradisyon kiltirèl ak travay kolektif ki make idantite pèp ayisyen an.
Pwojè sa a, ki mete aksan sou retou a sous yo, ap ofri patisipan yo yon pwogram divèsifye kote aktivite gastwonomik, atistik ak literè ap mare ansanm. Nan kad jounen an, pral gen atelye kwizin tradisyonèl kote manje tipik tankou Tonmtonm, lam veritab, ak lòt plat tradisyonèl ap prepare ak pataje.
Paralèlman, espas ap louvri pou pataj istwa, chante popilè, ak rakonte eksperyans sou valè travay ak rezistans pèp ayisyen an. Anplis, atelye kreyatif, sesyon powetik ak jwèt tradisyonèl ap pèmèt patisipan yo egzèse kreyativite yo pandan y ap revalorize eritaj kiltirèl la.
Yon envitasyon a solidarite ak pataj
Kòm prensip konbit la egzije, òganizatè yo ankouraje tout patisipan yo pote ak yo volonte, lespri patisipasyon, epi si sa posib, yon ti lamanjay pou pataje ak lòt moun. Aktivite a ap fèt nan yon anbyans fratènèl kote tout jenerasyon ap envite vin selebre ansanm.
« Nou vle ofri kominote a yon espas kote tradisyon nou yo pa sèlman selebre, men vivan, pataje, epi transmèt, » te deklare youn nan reprezantan Klèb Literè Émeric Bergeaud.
« Anpil men, chay pa lou, » raple òganizatè yo, mete aksan sou lespri solidarite ki dwe anime jounen an.
Jounen 1e me 2025 la, nan Fontamara, pwomèt pou l tounen pa sèlman yon moman rekreyatif, men yon akt reyafimasyon kiltirèl ak nasyonal.
