SEPHO Prod lanse ofisyèlman 3zyèm edisyon tradisyonèl koudete l, yon gwo inisyativ ki chita sou pataj konesans ak aprantisaj metye manyèl pandan vakans lan. Kou yo ap tanmen sòti 7 jiyè pou rive 31 dawou 2025, nan lokal Institution Mixte Nid d’Abeilles, #109, Fontamara 27, Dezyèm Mapou.
Kisa w ap aprann?
Tisaj Kanva
Kwochè
Mawokinri
Se yon opòtinite solid pou w vin aprann yon metye ki kapab ede w jere tèt ou ekonomikman epi mete ou sou wout endepandans lan. Chak opsyon ap gen 2 seyans pa semèn, soti lendi pou rive vandredi, depi 10è nan maten jiska 3zè nan aprè midi.
Frè yo trè aksesib :
Enskripsyon : 1000 goud
Pa seyans : 100 goud
Slogan ane sa a : “Aprann jodi, pou n pa soufri demen.” Yon apèl senp men pwisan pou tout jèn ki vle chanje kondisyon lavi yo.
Pou enskripsyon ak plis detay :
📞 +509 42 73 82 26 / 47 09 36 04
📧 sephoprod@gmail.com
Pa rate chans sa pou mete metye nan men w! KOUDETE se pa sèlman yon kou, se yon zouti pou bati lavni ou ak diyite.





