Nan yon efò pou ranfòse lavi kiltirèl ak lespri solidarite nan komin Kafou, òganizasyon AKOLAD, an patenarya ak Akolit ak Rèv Mwen Se Bousòl Mwen, anonse òganizasyon yon gwo Festen Tradisyonèl sou tèm “Kè Kontre”, k ap fèt madi 30 desanm 2025, nan Sant Kiltirèl Minisipal Emmanuel Charlemagne (CCMEC), Tò 12, Kafou, apati 9è nan aswè.
Evènman sa a vize rasanble òganizasyon, enstitisyon, jèn ak manm kominote a nan yon espas pataj, selebrasyon ak refleksyon sou devlopman kominotè. Chwa tèm “Kè Kontre” a tradui filozofi AKOLAD, ki chita sou konbit, solidarite ak angajman kolektif, kote tout aktè yo mete kè yo, lespri yo ak enèji yo ansanm pou fè kominote a vanse.
Daprè responsab yo, Festen Tradisyonèl la ap mete aksan sou gwo travay òganizasyon yo reyalize pandan ane a, pandan y ap ankouraje yon dinamik maranday ant aktè kiltirèl ak kominotè yo. « Se nan yon lespri konbit, kote kè yo kontre tout bon, n ap kapab rive nan dimansyon pwogrè nou vle a », se mesaj Emmanuel Michel, prensipal inisyatè a.
Sou plan òganizasyonèl, patisipasyon an fikse konsa : 1 000 goud pou yon moun, 1 500 goud pou koup, ak 1 500 goud pou VIP. Piblik la ap gen opòtinite viv yon eksperyans rich an koulè ak son, atravè mizik tradisyonèl, manje tipik, ak animasyon kiltirèl ki mete lang ak kilti ayisyen an an valè.
Plizyè rezilta ap tann nan inisyativ sa a, pami yo : reyalizasyon yon gwo evènman kiltirèl ki rasanble òganizasyon k ap sèvi komin Kafou a; patisipasyon aktif plizyè òganizasyon jèn nan yon lespri solidarite; epi kontinye fè pwomosyon lang ak kilti ayisyen an kòm poto mitan idantite nasyonal la.
Anplis, òganizatè yo espere Festen Tradisyonèl “Kè Kontre” a ap kontribye nan ranfòsman fyète nasyonal lakay jèn yo, kreye lyen solid ant òganizasyon kiltirèl ak kominotè nan Kafou, epi poze baz pou yon evènman anyèl ki ranfòse imaj AKOLAD kòm yon aktè kle nan devlopman kiltirèl lokal la.
Avèk Festen Tradisyonèl “Kè Kontre” a, AKOLAD ak patnè li yo lanse yon apèl klè : se ansanm, nan konbit ak solidarite, Ayiti ak kominote li yo kapab bati lavni yo.





